Bay piti pa chich, chak aksyon jenewozite se yon grenn ki bay rasin pou yon avni pi klere.Pote kole avèk nou nan mouvman sa pou ranfòse kominote Ayisyèn nan epi ede yo mete rasin solid. Don w’ap fè a se plis pase yon sipò finansye; se yon envestisman nan lavi Ayisyen ki nan tranzisyon. Jenewozite ou kreye chanjman ki pwal dire lontan, epi ede fanmi yo etabli baz yo nan rebati avni yo.
Kijan Ou Ka Fè Yon Diferans
Bay se yon akyon senp ak fleksib. Chwazi opsyon ki pi bon pou ou a:
Bay yon sèl fwa
Fè yon enpak touswit ak yon kontribisyon ki pa renouvle tout tan
Bay chak mwa
Antre nan Wonn RASIN nan, yon kominote moun k’ap bay regilyèman pou soutni misyon nou an pandan tout ane a.
Patnè Kòporatif
Konekte ak nou pou ogmante enpak la atravè don anplwaye, oswa pwogram patenarya.
Bay san lajan → Plis Fason Pou
Sipòte
Ou ka sipòte RASIN avèk plis pase don finansye ak don materyèl tankou:
Materyèl Lekòl
Pou timoun ki ap adapte yo ak nouvo anviwonman akademik.
Rad Pwofesyonèl
Pou ede moun k’ap chèche travay jwenn opòtinite.
Laptop ak Ekipman Teknoloji
Pou amelyore aksè a aprantisaj sou entènèt ak fasilite aplikasyon travay.
Sèvis Benevòl
Mete talan ou an nan sèvis kominote a, tankou mantora, asistans legal, oswa fòmasyon karyè.
Avantaj Fiskal ak Transparans
RASIN se yon òganizasyon ki pap cheche fè benefis e ki gen stati 501(c)(3), sa vle di tout don ou fè yo 100% dediktib nan taks, dapre lwa a. Nou pran angajman pou nou opere ak total transparans, asire ke chak kontribisyon itilize efektivman pou bay kominote a pi bon enpak.