Bay Kominote yo Jarèt, Transfòme
lavi yo

Twò souvan, nan kominote Ayisyèn nan, nou konfwonte baryè ki anpeche nou abouti, pa paske nou manke anbisyon, men paske nou pa gen aksè ak bon jan zouti ak sipò. Kite lakay pou chèche yon pi bon avni vini ak gwo defi tankou: itilize yon sistèm nou pa konnen, jwenn aksè bagay ki esansyèl yo, jwenn yon travay ki ka fè enpak, epi kenbe idantite kiltirèl nou pandan n’ap adapte nou avèk yon nouvo anviwònman.

RASIN egziste pou ranpli vid sa a, konekte nou tout ak: resous esansyèl pou nou kapab viv, opòtinite nan domèn edikasyon, aksè ak resous pou jwenn swen sante, sipò pou sante mantal, ak zouti pou devlopman karyè nou nan lide pou ede nou pa sèlman siviv, men fleri.

Vizyon nou

Fasilite byennèt nou nan nivo emosyonèl, nivo sosyal, ak nivo ekonomik nan kominote dyaspora Ayisyen an, atravè yon lo pwogram ak resous adapte ki reponn a bezwen ansanm avèk defi nou yo, pou ede nou grandi epi pwospere nan nouvo anviwònman kote n’ap devlope

Misyon nou

Nou vize fè yon enpak pozitif epi ki dire lontan sou lavi Kominite Ayisyèn nan nan zòn Amerik Dinò a, atravè yon lo patenarya estratejik, pwogram inovatè, ak yon angajman pou ekselans.

Valè nou yo

respect

Respè

Kenbe diyite ak valè chak moun, kèlkeswa orijin yo.

accountability (1)

Angajman

Aji ak transparans epi pran responsablite nou pou tout aksyon ak desizyon, pou nou merite konfyans tout moun.

community (1)

Solidarite

Kanpe ansanm ak kominote Ayisyèn nan epi defann dwa ak byennèt yo.

inclusivity

Enklizyon

Asire ke chak moun santi yo gen valè epi byen akeyi lakay nou

balance

Netralite

Rete san patipri ak san prejije, pou bati konfyans ak jistis pou tout moun.

Fè konensans ak ekip la


Nastassia Colimon – Prezidan


Alexa Dorsainville –  Vis Prezidan


Jean Paul Benoit (JP) – Trezorye


Tasha D. Armand – Sekretè


Joel Malebranche – Lidè Pwogram

Raphaëlle Jean-Baptiste – Lidè Patenarya


Naed J. Désiré – Lidè Vizibilite ak Angajman

Georges Armand – Sipò pou Program


Francesca Rabel – Sipò pou Patenarya

Komite nou yo

government

Gouvènans

hand (1)

Finans

Stéphane Victor

handshake

Patenarya

Réginald Bernard
technical-support

Pwogram

Marie Clincy

shared-vision

Vizilbilite ak Angajman

Pèsonalite Mak nou


Koulè Vèt

Reprezante kwasans , detèminasyon, ak renouvo, ki senbolize yon bon jan fondasyon ak fwogrè stab.

Koulè Oranj

Ajoute chalè, enèji , ak sans kominote a, ranfòse sipò, koneksyon, ak enklizyon

Koulè Ble Syèl

Evoke lespwa , estabilite , ak, transfòmasyon, ki reflete yon chemen klè pou pi devan ak opòtinite san limit.

Unknown
Unknown-1 (1)
Unknown-1
Unknown-11
NoMi_logo_2015
BofA-Charitable-Foundation