Loading Events

« All Events

  • This event has passed.

Yon Ti Pale avèk Avoka sou koze TPS

October 22, 2025 @ 7:00 pm - 9:00 pm

RASIN ansanm ak Young Haitian Doctors Network (YHDN) mete ansanm pou òganize yon sesyon enfòmasyon espesyal sou Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou kominote ayisyèn nan. Evènman an pote tit “Yon Ti Pale ak Avoka sou Koze TPS” epi li gen de envite espesyal: Avoka Wide M. Thomas ak Avoka Peter H. Bernard.

Nan sesyon sa a, patisipan yo ap jwenn bonjan klarifikasyon sou sitiyasyon aktyèl TPS la, pwosedi legal ki aplikab, ak diferan opsyon moun ka konsidere pou asire yo rete an konfòmite ak lwa imigrasyon ameriken an.


Avoka yo ap reponn kesyon piblik la, pataje konsèy pratik sou ranouvèlman TPS, epi eksplike etap posib pou moun ki ta renmen chanje estati yo.

Evènman an ap fèt nan yon anbyans  edikatif,  yon inisyativ ki antre nan misyon RASIN ak YHDN pou pote plis konesans, klate, ak resous pou moun nan dyaspora ayisyèn nan.

Details

  • Date: October 22, 2025
  • Time:
    7:00 pm - 9:00 pm