- This event has passed.
Fè Taks: kisa ou dwe konnen ?
November 20, 2025 @ 5:45 pm - 7:45 pm

RASIN ap envite w patisipe nan yon evènman espesyal sou Taks, ki fèt pou ede kominote ayisyèn nan pi byen konprann enpòtans taks nan peyi Etazini, kijan pou prepare l kòrèkteman, epi poukisa li enpòtan pou tout moun fè l.
Pandan rankont sa a, Marie-Catherine Joseph, yon pwofesyonèl ki gen eksperyans nan domèn taks ak sèvis kominotè, pral pataje konesans li sou:
-
Wòl taks nan sistèm ameriken an
-
Etap pratik pou ranpli taks san erè
-
Erè moun souvan fè epi kijan pou evite yo
-
Benefis pou moun ki regilyèman fè taks yo
Evènman sa a se yon inisyativ RASIN pou kontinye ede kominote a enfòme, prepare, ak pran bon desizyon ekonomik nan lavi chak jou yo.
Vini aprann, poze kesyon, epi pataje eksperyans ou nan yon anbyans ouvè ak akeyan!